Overblog
Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Claude Sainnécharles, Mondrapo popo!

Claude Sainnécharles, Mondrapo popo!

Claude Sainnécharles fèt nan lane 1981 nan vil pòtoprens. Li se powèt-ekriven, li se dizè, li se tradiktè tou: andemilnèf li te patisipe nan yon kankou nasyonal de tradiksyon alyans fransèz santo domenngo a te òganize, nan espas yon semèn li te sòti twazyèm...

Lire la suite

Jean Erian Samson, Tanbou lanmou

Jean Erian Samson, Tanbou lanmou

Li te di bonjou ak reyon lavi nan lanne 1989 nan lakou Plenndinò, li fè tout etid klasik li Pòtoprens nan Ti Seminè Kolèj Sen Masyal. L’ap lite kounyea kòm jèn powèt-ekriven nan Atelye Masèl Gilbè ki chita anndan Bibliyotèk Jisten Lerison (BJL). Li se...

Lire la suite

Annou Jofre ak Manno Ejèn

Annou Jofre ak Manno Ejèn

Amezi yon lanng ape vini pi rich, pi klè, pi egzat se toutotan tou l'ape louvri, layite lavi-nou, nan sèvi ak mo egzat nou bezwen ki genyen rapò ak biten nou vle nonmen, oswa nou bezwen montre. Oubyen tou, ak larèl lide nou ta renmen esplike, devlope,...

Lire la suite

Pwezi kolektif

17-03-2012, 12h56 Je fèmen Chale kreve kò m Nan vant simetyè Si van an pa leve wòb mo yo Se mare l mare nan plim je m Jan l vini an vag sou vag Lang chatre gou nan vwa Fraz yo woule san manch Nan bese leve Pou akouche lavi Boutabout

Lire la suite

Pwezi kolektif

11-03-2012, 1h57 Sèvèl leve kanpe Twa jounen posesyon Epi mizik disparèt Pwezi a bout nan rèv nou Vag lavi bliyi nan sous foli Vwa yo debleye nan viwonn yo Mwen woule bouch mwen sou bouch ou Limyè kò w griyen nan de je m

Lire la suite

Pwezi kolektif

Yon pwason sen nan vandredi lakwa Syèl la degoute san Jounen an kanni Yon ti pousyè van pann sou lang lanmè Yon nyaj bèk atè Map fete sou po vant Vwa syèl la pachiman Sèvolan fonn anba je solèy Yon ti pen de pwason Tout vyann chifonnen nan ogatwa

Lire la suite

Pwezi kolektif

Pwezi Kolektif, 8/04/12, SPK/SPC Nan kat bout powèm nan M depwale Piga lavi boude Nyaj bakara mak zong Lannwit pranm Plim sou kòm kanpe M son bal mawon Nan tèt mo yo M pèdi vwa Tout pawòl drivaye

Lire la suite